30 années d'expérience
Mwen se ayisyen natif natal.
Mwen fèt Jeremi men mwen konnen lòt zòn nan peyi a tankou Ansdeno, Baradè, Okap, Pòtoprens, Hench akTyòt.
Mwen etidye mizik, lang, ekonomi, relasyon entènasyonal, diplomasi, defans ak sekirite.
Mwen kòmanse anseye lang depi nan lane 1997. Mwen pasyone de ansèyman. Mwen aprann sa de manman m ak papa m. Yo tou de te pwofesè m.
Mwen anseye pou m pote kontribisyon m nan jan y ap anseye lang nan peyi dayiti.
Mwen kòmanse bay timoun segondè leson nan lane 1992. Apre sa mwen vin pwofesè lang franse, angle ak panyòl.
Nan lane1999, mwen kòmanse travay nan Ministè Afè Etranjè.
Mwen travay nan Washington D.C (Etazini) nan lane 2012, nan Misyon Ayiti bò kote OEA.
Kounya m ap travay nan peyi Angletè, nan Anbasad Ayiti nan Lond, depi lane 2021.
Se avèk anpil plezi m ap prezante nou "Pwogram Angle An Kreyòl" la.
Se yon pwogram ki bay kreyòl la jarèt, paske lang nou se idantite nou.
Men lòt pwogram m ap prezante nou sou menm platfòm sa a:
Programme d'Anglais En Français (PAEF)
Pwogram Panyòl An Kreyòl (PPAK)
Haitian Creole In English (HCIE)
Pwogram Mizik an Kreyòl (PMAK)
Ale dekouvri yo sou platfòm nan.
Pwogram sa a ap itilize kreyòl ayisyen pou anseye angle. L ap ba nou yon fòmasyon solid pou nou ka tande ak konprann natif lang angle a. L ap ba nou zouti pou n eksprime nou san kè sote. Nou pral eseye rezoud 4 pwoblèm fondamantal: pwononsyasyon, aksan, konjigezon ak vokabilè. Objektif nou vize yo se pou nou kapab pwononse epi aksantye nenpòt ki mo angle, san nou pa bezwen tande l nan zorèy nou, konnen chak tan vèbal epi nan ki ka pou nou itilize yo, konstwi baz vokabilè nou sou baz teknik "meble kay". Se yon metòd ki chita sou yon apwòch fonetik.
Voir le cours